Feb 10
Sustaining the Reconstruction of an Educational and Research System in Haiti

Kore rekonstriksyon sistèm edikasyon ake rechèch an Ayiti
Tout panse nou brake sou Ayiti, peyi nou genyen rasin, nou genyen zanmi, yon sosyete n’ap travay sou li, nan program rechèch ki dirije pa pwofesè ake chèchè ayisyen ou byen ake kou nou fè, ou byen ankò, ake etidyan n’ap fòme, yon peyi n’ap etidye tou pou sa li pote nan listwa limanite, pou libète. N’ap voye kondoleyans pou chak grenn ayisyen, nou ta renmen, sitou, voye kondoleyans pou kòlèg k’ap travay nan lekòl tankou nan inivèsite ki depacha pa tranbleman tè a.
Gwo dezas sa fè anpil mal, san nou pa bliye ijans yo, nou dwe kòmanse panse pou demen epi kore rekonstriksyon sistèm lekòl ake rechèch, sèl fason demen ka miyò, si li byen òganize. Kout mazi sa ki frape Ayiti a dwe yon okazyon pou kap la chanje nan fason peyi a reprezante, gade, epi tou nan jan kominote entènasyonal la konsevwa solidarite. De koze sa yo mache ansanm. Se pa madichon, ni move sò lè tout èstrikti edikasyon yo depacha, se paske moun yo kite vil provens yo pou vin rete nan zòn fwajil, ki fè moun sou moun nan Pòtopwens. Pa gen fache ni dezòd, yo èsplike jan lekòl Nòmal Siperyè depacha ake diyite, kouraj, konviksyon yo sipòte sa, genyen vwa k’ap mande pou kou yo reprann pi vit, kòlèg ayisyen mobilize sou entènèt pou voye enfòmasyon. Tankou prezidan Ayiti a, Rene Preval di, kle Ayiti pa nan men etranje, se yon kout pous yo mande kominote entènasyonal la bay.
Gérard Barthélemy, antropològ, ki mouri dènyèman, pa te sispann repete ke move devlòpman an Ayiti pa janm korèsponn ake èd kominote entènasyonal la pote nan peyi a, li enpòtan pou nou tounen sou sa sitou pou sa ki konsène fòmasyon. Fòk nou pa kite rekonstriksyon èstrikti edikasyon yo fèt ake inityativ pèsonèl ki pa kòdone, lè chak peyi ap fè jan yo vle, chak òganizasyon pran desizyon li, ou byen chak moun chwazi sa l’ap fè. Sou lòd otorite Ayiti yo, dwe genyen yon gran plan jeneral ki pran fòmasyon depi primè jiska siperyè, lekòl teknik (tankou pou agrikilti, atizana), epi fòmasyon fòmatè ayisyen yo dwe fèt. Se pou rezon sa, nan okazyon konferans ki genyen pou fèt 25 janvye nan vil Montréal, n’ap mande pou chak gouvènman, gouvènman fransè sitou, ka plede pou yon gran plan entènasyonal k’ap mete ansanm tout konpetans pou remete kanpe sistèm edikasyon ake rechèch an Ayiti, ki se poto mitan lavi kiltirèl ake entelèktyèl peyi sa epi sèl garanti pou li kontinye viv.
San rete tann desizyon k’ap vini demen, fòk touswit peyi ake inivèsite ki genyen chèchè ake etidyan ayisyen sipòte yo. Pou Frans, nou mande pou ministè edikasyon nasyonal, pou minis fòmasyon siperyè, rechèch ake tout prezidan enstiti rechèch, fòmasyon seperyè yo ka finanse « kou Ayiti » yon fason pou resevwa etidyan ayisyen ake profesè, fòk yo mete kanpe bous etid pou etidyan ayisyen, mete an plas misyon fòmasyon an Ayiti selon bezwen kòlèg ayisyen yo. N’ap mande pou minis enteryè a ka bay viza pi fasil pou etidyan ki swete vin etidye an Frans. Se pou onè nou kòm profesè, chèchè epi sitwayen nan kominote entènasyonal la.
Site: http://www.petitiononline.com/EduHaiti/petition.html
Email To a Friend / Voyé ba an zanmi
Pa ni messaj
Laissé an ti messaj

